O tecido climático na migração de mulheres do Haiti : o velado e o vazado

Detalhes bibliográficos
Ano de defesa: 2020
Autor(a) principal: Amorim, Denize Aparecida Rodrigues de
Orientador(a): Não Informado pela instituição
Banca de defesa: Não Informado pela instituição
Tipo de documento: Tese
Tipo de acesso: Acesso aberto
Idioma: por
Instituição de defesa: Universidade Federal de Mato Grosso
Brasil
Instituto de Educação (IE)
UFMT CUC - Cuiabá
Programa de Pós-Graduação em Educação
Programa de Pós-Graduação: Não Informado pela instituição
Departamento: Não Informado pela instituição
País: Não Informado pela instituição
Palavras-chave em Português:
Link de acesso: http://ri.ufmt.br/handle/1/3533
Resumo: REZIME: Rechèch mwen an te konsantre sou entèprete divès relasyon nan pwoblem klima ki revele relasyon imen ki te lakòz e ki toujou lakòz dezas ak migrasyon, e ki, ki vin bay labirent imigran ayisyen yo nan Cuiabá-MT. Se konsa, objektif mwen yo, mwen te eseye konprann ki jan kriz klimatik imigran yo vin pran nesans; ki jan kriz sa a mare ak relasyon kiltirèl, ekonomik epi relasyon fanm ak gason. Sou menm orizon sa a, mwen te vle kontribye nan politik migrasyon piblik ki konsidere edikasyon kòm esansyèl nan byennèt popilasyon migran an. Pou sa ka fèt, se pou edikasyon anviwònman ka ankouraje esansyèlman, enklizyon fanm ak timoun yo, se pou li ede ak ankouraje dwa moun nan peyi a. Mwen fè soti kòm ipotèz ke yo se imigran klimatik e mwen prezante e entèprete kèk eleman nan sans sa. Nan rechèch la, mwen ajoute anplis kèk konsiderasyon sou fanm, mwen te chache konprann tou, si yo te konnen efè tranbleman tè sa a ki te fèt nan peyi yo a, ki ogmante pwoblem ekonomik, sosyal, anviwònman ak kiltirèl, e mwen eseye konekte yo nan rezo migrasyon. Prensip (valè), refleksyon (konsèp) ak aksyon (metodoloji) vini ansanm nan vwayaj la nan envestigasyon e nan Fenomenoloji a, isit la an patikilye nan kartografi a, nan imajinasyon. Se konsa nou bwode ansanm yon fil ki gen koulè aksyom, epistèm ak prasis, eleman latè a te metafoze pou entèprete kriz klima a, katastwòf yo, istwa yo, ede nou konprann rezo migrasyon fanm Ayisyèn nan Brezil. - Epi y’ap fè fas ak yon kriz politik jodi a nan tout direksyon. Gen yon bagay ki bouche je yo sou rezo migrasyon an, ki te ede nou konprann vini fanm sa yo Brezil; epi ki rapòte nou tou kijan yo frajil e ekspoze. Nan yon premye fwa, repons yo te sanble pat klè enteryèman, men apre yon ti van espwa vin vante ak yon ti klète vinn parèt, santiman rekonesans la prezan pandan y’ap akeyi yo nan nouvo kay ,yo gen tou dezi pou retounen an Ayiti -men pa menm jan yo te kite peyi a, men avèk espwa ke yo ka bati yon nouvo nasyon ak nouvo kay pou yo pentirel’ ak koulè demokrasi ki fe yo plezi,. Mwen te konprann relasyon politik migrasyon fanm yo dwe tande kategorikman e ke pwosesis edikasyon dwe gen ladan ajanda klima a kòm yon kondisyon esansyèl pou jistis.